Aprann jere machandiz depi nan acha ak transpò, rive nan depo, jesyon estòk ak livrezon, pandan w ap diminye pèt.
Ranpli fòm nan pou rezève plas ou. Ou pa peye anyen jodi a: n ap voye enstriksyon peman an ba ou nan WhatsApp ak imel.
Senk modil ki swiv chemen yon machandiz, depi li antre nan depo a jouk li soti. Chak modil gen videyo, dokiman ak yon modèl Excel ou ka itilize nan travay ou touswit.
Kisa lojistik ye, ki wòl li nan yon antrepriz, epi kijan chèn apwovizyònman an mache depi founisè a jouk kliyan an.
Kijan pou resevwa yon livrezon, kontwole li, klase machandiz yo epi òganize espas depo a pou ou pa pèdi tan ak lajan.
Fich estòk, envantè fizik, stock minimòm ak pwen kòmand. Ou ap konnen egzakteman konbyen ou genyen ak ki lè pou ou kòmande.
Ki metòd pou chwazi selon pwodwi ou, kijan pou evite pwodwi ki ekspire oswa domaje, epi kijan pou kalkile valè estòk ou.
Kalkile kou lojistik yo, swiv endikatè pèfòmans, redwi pèt epi prepare rapò pou direksyon an.
Sekirite nan depo a (jile, soulye fèmen, gan, bon jan fason pou leve yon bwat) ak yon demonstrasyon FIFO, FEFO ak LIFO ak vre machandiz, ansanm ak Rolanda.
Chak moun ki enskri resevwa yon tikè pou tiraj n ap fè chak semèn nan. Chak semèn ou gen chans genyen.

Rolanda se yon espesyalis nan lojistik ak jesyon estòk ki jere operasyon depo ak chèn apwovizyònman an Ayiti chak jou. Se pa teyori sèlman li ap montre w, se metòd li menm li itilize nan travay li.
Yon depo ki byen òganize se lajan ou pa pèdi. Se sa m vle chak aprenan konprann anvan yo fini pwogram sa.
Ou enskri kounye a san peye anyen. Peman an se yon sèl peman pou tout pwogram nan: 2 mwa fòmasyon, sesyon live, dokiman, modèl Excel ak diplòm nan. Ou gen jouk kòwòt la kòmanse pou ou regle l.
Ou jwenn tout enfòmasyon peman yo sou paj metòd peman an, epi ou voye prèv peman ou apre.
Enskri kounye a, peye apreNon. Ou enskri kounye a epi ou peye apre. Fòm nan rezève plas ou nan kòwòt la, epi n ap voye tout enstriksyon peman yo ba ou nan WhatsApp ak imel. Ou gen jouk 25 oktòb pou ou regle peman an.
Non. Ou ka swiv tout pwogram nan ak yon telefòn ki gen entènèt. Modèl Excel yo pi fasil sou òdinatè, men yo pa obligatwa pou fini kou a.
Videyo yo disponib 24 sou 24, ou gade yo lè ou vle. Sesyon live yo pwograme ak enstriktè a epi n ap voye dat yo nan gwoup WhatsApp la.
Wi. Diplòm nan rekonèt pa Leta Ayisyen epi Kaw Academy se yon CPD Approved Provider (#788181) pou devlopman pwofesyonèl entènasyonal.
Ou ka peye ak Zelle oswa transfè bankè. Tout detay yo sou paj metòd peman an.
Pwogram nan dire 2 mwa, men ou kenbe aksè a kontni an apre sa pou ou ka revize.
Ou pa gen anyen pou peye kounye a. Antre nan gwoup WhatsApp pwogram nan pou ou resevwa enstriksyon peman an ak tout enfòmasyon sou kòwòt 25 oktòb nan.
Antre nan gwoup WhatsApp la Wè metòd peman yo pou pita